Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) klotire, jedi 26 oktòb 2023 a, mwa Lang ak Kilti Kreyòl la nan otèl Marriott, Pòtoprens. Se depi 6 oktòb, li te lanse yon seri aktivite anba tèm : « Lang Kreyòl ayisyen : yon zouti pou devlopman dirab ». Seri aktivite sa yo debouche sou 40èm jounen entènasyonal Lang ak Kilti kreyòl la ki selebre chak 28 oktòb. Akademi an te tou pwofite prezante piblik la dezyèm Rezolisyon li pran sou Lang nan.
Reprezantan Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Ministè kilti ak kominikasyon, Ministè planifikasyon, Ofis Pwoteksyon Sitwayen, pwofesè, etidyan, elèv, elatriye, reyini jedi pase a pou patisipe nan gwo seremoni ki te fèt pou klotire mwa Lang ak Kilti Kreyòl AKA te lanse a.
Patisipan yo te asiste prezantasyon nouvo Rezolisyon 2023 a ki pibliye nan kad pwosesis estandadizasyon lang kreyòl ayisyen an e pou reponn bezwen lokitè yo. Se yon Rezolisyon ki pote yon seri presizyon nan sèten pwen ki te deja nan Rezolisyon 2017 la.
Rezolisyon 2023 a pote plis presizyon kote li distenge lèt ak grafèm. Yon « grafèm » se yon « lèt » oswa yon konbinezon « lèt » ki pèmèt yo reprezante yon son. Li mete aksan sou « alomòf », sa vle di, divès fòm yon seri mo ka pran nan lang nan.
Anplis, li sèvi ak teyori sou « aglitinasyon » an ki se yon faktè kle nan konstriksyon yon seri mo kreyòl. Aglitinasyon an se yon mekanis ki sèvi ak rapò plizyè mo genyen ansanm pou li fè yo tounen yon sèl mo.
Dezyèm Rezolisyon an abòde anpil lòt pwen ankò. Itilize lyen sa a pou nou kapab li li nèt oubyen pou nou telechaje li. https://www.akademikreyol.net/dokiman/Dezyem%20Rezolisyon%20%C3%B2tograf_ofisyel%20AKA.pdf.
Nan ka ta genyen yon konfizyon sou yon pwen, se Rezolisyon 2023 a ki gen priyorite, selon sa AKA a presize, yon enstitisyon ki gen nan tèt li pwofesè Rogéda Dorcé Dorcil.
Nan diskou li, vis prezidan Akademi kreyòl ayisyen an, Rosilia François Corneille, deklare : « Tout lang se lang, pa gen lang pase lang ». Li kontinye pou li di piblikasyon dezyèm Rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an se rezilta travay komisyon syantifik AKA a ak plizyè lòt enstitisyon tankou Inivèsite Leta a. Akademisyen an konsidere piblikasyon sa a kòm yon gwo pa anplis AKA a fè nan travay li pou li mete bon jan zouti referans pou lang kreyòl la kontinye fè chemen li.
AKA a fè konnen diskisyon sou lang kreyòl la pa fèmen. Se poutèt sa li ouvri pou li resevwa avi lokitè yo sou dènye rezolisyon sa a. Li pral bay moun yo posiblite tou pou bay avi yo atravè sit entènèt li a.
Yon lòt bò, Twoup Palto Vanyan, Twoubadou Matwouba ak Tanbou literè te kontribiye pou rann jounen selebrasyon sa a ekstrawòdinè ak anpil bèl prestasyon.
Rektè Inivèsite Leta Ayiti a (ILA), Fritz Deshommes, Pwofesè nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Louines Volny, Direktè Jeneral Ofis nasyonal patenarya nan edikasyon (ONAPE), Hervé Boursiquot, Direktè Jeneral ministè kominikasyon ak Kilti a, Camy Depas, se kèk pami pèsonalite ki te prezan nan kloti selebrasyon lang ak kilti kreyòl la.
Shelovenie Jean
Li tou : Ayiti : Rektè Inivèsite Leta a mande pou lang kreyòl la rantre pi fon nan Lajistis