N ap prezante w youn nan pi bèl fò peyi D ayiti. Li chita nan vil Okap. Non li se Fò Pikolè.
Fò Pikolè sitiye l nan nòdès vil Okap, anviwon 3 kilomèt sant vil la. Fò a te konstwui sou tan lakoloni nan objektif pou te pwoteje vil Kap fransè, ansyen non Vil Okap, kont tout pisans eksteryè nan epòk la.
Fò Pikolè se premye fò ki konstwui nan koloni fransè. Konstriksyon sa te kòmanse nan lane 1739 pou li fini nan lane 1741. Sa vle di li pran 2 lane pou l konstwui. Fò sa te konstri sou administrasyon Mr Larnage ak enjenyè Coudreau.
Nan lane 1702 pou rive 1719 espas ki rele Pikolè a te genyen nan plas li youn pami 3 batri vil la te genyen pou pwoteje l. Fò Pikolè te vin sèvi yon ranpa, yon pwoteksyon pou vil la sitou kont anvayisè yo.
Nan lane 1802, lòske espedisyon fransè a te rive nan rad Okap la, se Henry Christophe ki t ap dirije fò sa sou lòd jeneral Toussaint Louverture. Soti 29 Janvye pou rive 4 fevye 1802 fò a te sibi yon bonbadman anba men lame espedisyonè a ki te gen misyon pou retabli esklavaj. Bonbadman sa te fè gwo domaj nan fò sa. Apre sa, Henry Christophe ki t ap kòmande fò sa te mete dife nan poudriyè a, abandone fò a e mete dife nan vil Kap Fransè a.
Pat janm gen gwo reparasyon ki te fèt sou fò Pikolè pou l te ka jwenn menm vizaj li te genyen an.
Ki imaj ki gen sou Fò Pikolè jounen jodi a?
Jodi a fò Pikolè pa prèske resevwa vizitè. Gen moun Okap ki pa menm konnen ki kote patrimwàn sa ye. Fò sa plis sèvi pou fè seremoni vodou ak fè entèpelasyon. Vizitè sa yo kwè gen kèk lespri nan sit la ki ka fè yon bagay pou yo.
Prezantasyon sa fèt nan objektif pou atire atansyon kominote a sou sit sila ki se patrimwàn nasyonal. Se yon mesaj pou otrorite yo nan sousi pou leve eskanp figi fò sa a. Mayifik konstriksyon sa, ki te fèt ak fòs kouraj zansèt nou yo, mande pou nou vizite l epi dekouvri bèlte li.
Fò sa fè pati richès peyi. Li twouve l nan Vil Okap. An n devlope Okap ak sa li genyen. Kap Ayisyen gen anpil sit istorik e li gen yon bѐl istwa. Ann pwofite opòtinite nou yo. Ann devlope ak sa nou genyen paske yo pa enpòte devlòpman.
Pélius ALCIUS
A lire aussi : La Citadelle Laferrière : La plus grande forteresse de la Caraïbe